Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 9:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm.

参见章节 复制




Lik 9:31
14 交叉引用  

Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”


Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie,


Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.


Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.


Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.


Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.


Konsa, mwen va osi fè dilijans pou nenpòt lè m fin ale, nou kapab toujou sonje bagay sa yo.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告