Lik 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.” 参见章节1998 Haïtienne12 Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Lè l t apral aswè, douz apot yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Fòk ou voye foul la ale pou yo ka chache jwenn kote pou yo dòmi ak manje pou yo manje nan zòn ki ozalantou, paske kote nou ye a pa gen kay.” 参见章节 |