Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.” Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l fin di sa, li di ankò: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.” Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”

参见章节 复制




Lik 8:8
25 交叉引用  

Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.


Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.


Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?


Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.


SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute,


Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.


Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”


“Sila ki te te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”


Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”


“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”


Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”


Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”


“Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.


Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo.


Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.


pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,


Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.


Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.


跟着我们:

广告


广告