Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 8:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Yo pwoche bò kote Jezi yo souke l, yo di li: — Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.” Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal.

参见章节 复制




Lik 8:24
19 交叉引用  

Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo.


Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen.


Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”


Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”


Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.


Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.


Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.


Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”


Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?” Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”


跟着我们:

广告


广告