Lik 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann. 参见章节1998 Haïtienne10 Li reponn yo: — Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann. 参见章节 |