Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 7:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Ou pa vide lwil sou tèt mwen. Men li menm, li vide odè sou pye mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m.

参见章节 复制




Lik 7:46
11 交叉引用  

Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje.


Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.


e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.


Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.


Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou.


Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.


Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.


Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.


“Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou,


“Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”


Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.


跟着我们:

广告


广告