Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 7:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”

参见章节 复制




Lik 7:39
25 交叉引用  

Men Guéhazi, sèvitè Élisée a, nonm Bondye a, te reflechi: “Men gade, mèt mwen an te konsève Naaman sila a, Siryen an, pwiske li pa resevwa nan men l sa ke li te pote a. Jan SENYÈ a viv la, mwen ap kouri dèyè l e pran yon bagay de li menm.”


paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.


Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.


“Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”


Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.


Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,


“Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’


Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e manje avèk yo.”


“Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.


“Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni respekte moun,


Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.


Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!


E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.


Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.


Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Li te di: “Pale, Mèt.”


Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.


Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”


Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”


跟着我们:

广告


广告