Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 7:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo.

参见章节 复制




Lik 7:25
16 交叉引用  

Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?


manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò.


Yo te reponn li: “Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”


pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl.


nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.


Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a.


Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a.


Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.


Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.


Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo.


Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.


men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo.


“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.


Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?


Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.


跟着我们:

广告


广告