Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!”

参见章节 复制




Lik 7:14
20 交叉引用  

Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”


SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè.


konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.


Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”


Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”


Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.


Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.


Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri.


Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.


“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.


Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.


Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.


跟着我们:

广告


广告