Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 6:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

48 L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay. Li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.

参见章节 复制




Lik 6:48
37 交叉引用  

Li te di: “SENYÈ a se wòch mwen, fòterès mwen ak liberatè mwen;


Paske se kilès Bondye ye, Sof ke SENYÈ a? Epi kilès ki se yon woche, Sof ke Bondye pa nou an?


SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.


Paske volas lanmò te antoure mwen; gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.


Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,


Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.


Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò pa p boulvèse m.


O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;


Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.


Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.


Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.


Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès e glwa Li soti kote solèy leve a; paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. Se van SENYÈ a kap pouse l.


Men tankou yon inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa.


Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble:


“Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”


“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la.


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.


Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.


Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”


Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe.


Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.


Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


跟着我们:

广告


广告