Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 6:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 — Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m di nou fè?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di?

参见章节 复制




Lik 6:46
9 交叉引用  

“Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’


“Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.


“Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen.


“Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’


Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.


Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.


跟着我们:

广告


广告