Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 6:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon,

参见章节 复制




Lik 6:17
14 交叉引用  

ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,


Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l. Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.


Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.


Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon.


Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L.


Men nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo.


Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.


Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.


Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri.


跟着我们:

广告


广告