Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, li di l konsa: — Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.”

参见章节 复制




Lik 5:8
19 交叉引用  

Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”


Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.


Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”


Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”


Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.


Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.


Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.


Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.


Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe.


Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”


Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”


Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”


跟着我们:

广告


广告