Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Simon reponn li: — Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.”

参见章节 复制




Lik 5:5
14 交叉引用  

Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.


Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”


Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.


Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?” E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”


Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.


Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”


Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.


跟着我们:

广告


广告