Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: — Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”

参见章节 复制




Lik 5:21
23 交叉引用  

ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,


Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou.


Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.


Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.


“Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”


O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”


A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.


Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.


Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.


Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.


Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”


Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.


Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.


Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa?


Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”


Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”


Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.


跟着我们:

广告


广告