Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi.

参见章节 复制




Lik 5:19
7 交叉引用  

Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.


Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,


Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.


“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.


Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.


跟着我们:

广告


广告