Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 4:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 — Hey! kisa nou gen avèk ou, Jezi, moun Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a.

参见章节 复制




Lik 4:34
22 交叉引用  

Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”


Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”


pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”


Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.


Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”


Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.


Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò:


Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.


Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”


Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.


Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo pou kite vil la.


paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.


“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;


Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.


Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.


Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane.


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


跟着我们:

广告


广告