Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 4:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.”

参见章节 复制




Lik 4:23
20 交叉引用  

Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?


Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.


Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.


Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li.


Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.


Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.


Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li.


Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a.


Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.


Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.


Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:


Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.


跟着我们:

广告


广告