Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 24:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou kon sa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo?

参见章节 复制




Lik 24:25
9 交叉引用  

Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,


Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”


Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”


Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


跟着我们:

广告


广告