Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 23:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.”

参见章节 复制




Lik 23:41
19 交叉引用  

Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.


“Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a,


Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”


Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an?


Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”


Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.


Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.


men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.


Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.


跟着我们:

广告


广告