Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 23:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat.

参见章节 复制




Lik 23:11
16 交叉引用  

Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.


Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus.


Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.


Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans.


Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”


Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal,


epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”,


跟着我们:

广告


广告