Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 22:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l nan menm panye ak mechan yo. Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.”

参见章节 复制




Lik 22:37
17 交叉引用  

Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.


Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.


Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”


Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.


Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”


Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte youn nepe.


Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?


De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li.


Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.


“Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),


Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


跟着我们:

广告


广告