Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 22:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”

参见章节 复制




Lik 22:20
13 交叉引用  

Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”


“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda,


Menmjan an pou ou menm tou, akoz san akò Mwen an ki avèk ou, Mwen te mete prizonye ou yo an libète soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.


paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.


Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun.


Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.”


Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.


epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.


Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an,


Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.


Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.


跟着我们:

广告


广告