Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 21:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre.

参见章节 复制




Lik 21:22
22 交叉引用  

Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an.


pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,


Paske jou vanjans lan te nan kè M; e ane racha a M yo rive.


“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.


Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.


“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.


Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Èske M pa mete sa nan depo, byen sele nan trezò Mwen?


Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”


Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.


Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.


跟着我们:

广告


广告