Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 20:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Si nou reponn se lèzòm ki voye li, pèp la va kalonnen nou ak wòch, paske yo tout gen konviksyon Janbatis te yon pwofèt tout bon vre.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.”

参见章节 复制




Lik 20:6
13 交叉引用  

Men kisa nou te sòti pou wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt.


Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.


Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”


Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.


Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”


Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.


Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;


Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?


Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.


Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.


Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”


Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.


跟着我们:

广告


广告