Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 20:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Men, yonn t'ap di lòt: — Si nou reponn se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a?

参见章节 复制




Lik 20:5
11 交叉引用  

Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”


Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’


Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”


Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”


Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’


Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”


Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.


跟着我们:

广告


广告