Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 20:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Yo pat kapab jwenn anyen ki mal nan sa l t'ap di devan pèp la. Okontrè, pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Yo fèmen bouch yo san di yon mo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.

参见章节 复制




Lik 20:26
14 交叉引用  

Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.


Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.


Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.


Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.


Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.


paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.


Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.


Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,


跟着我们:

广告


广告