Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 20:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

参见章节 复制




Lik 20:22
14 交叉引用  

Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a.


Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo.


Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm.


Li te reponn: “Wi”. Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”


Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.


Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:


Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”


“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.


Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.


Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.


跟着我们:

广告


广告