Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 20:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l.

参见章节 复制




Lik 20:20
20 交叉引用  

Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.


Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan.


Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di, “Annou detwi bwa a ak fwi li. Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.”


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”


Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.


Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.


Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.


paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.


Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.


Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.


Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.


跟着我们:

广告


广告