Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl la.

参见章节 复制




Lik 2:7
16 交叉引用  

Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la.


men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou.


Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li.


Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.


Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.


Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?


Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”


Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li.


Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche.


Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


跟着我们:

广告


广告