Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la.

参见章节 复制




Lik 2:41
18 交叉引用  

Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.


“‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”


Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la.


Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.


“‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.


Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la.


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.


Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.


Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.


“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.


Nom nan, Elkana te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a.


Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.


跟着我们:

广告


广告