Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l.

参见章节 复制




Lik 2:34
38 交叉引用  

Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.


Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon.


Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.


Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”


Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.


Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”


Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’


Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”


“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.


Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.


Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.


Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.


“Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.


Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”


Wa sou latè yo ap pran pòz yo e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a ak kont Kris Li a.’


Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.


Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a.


men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli.


Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,


Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.


Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.


Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo.


跟着我们:

广告


广告