Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 “yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”

参见章节 复制




Lik 2:32
22 交叉引用  

Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.


Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’! Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’. Akote chemen yo, yo va manje e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.


“Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; paske yon lwa va sòti nan Mwen e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.


Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò, ni klate lalin a nan pou ba ou limyè; men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl e Bondye ou kon glwa ou.


Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo;


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.


“Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”


Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.


ke ou prepare devan tout nasyon yo;


Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”


“Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”


Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告