Lik 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen21 Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan. 参见章节1998 Haïtienne21 Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l te vin ansent li. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil21 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la. 参见章节 |