Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Bèje yo te retounen kote mouton yo te ye a, yo t ap fè lwanj Bondye epi yo t ap remèsye li pou tout sa yo te wè ak sa yo te tande. Tout bagay yo te egzakteman jan anj lan te di yo a.

参见章节 复制




Lik 2:20
13 交叉引用  

Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a, ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la.


Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.


Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.


Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


跟着我们:

广告


广告