Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 19:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Lè Jezi rive la, li leve je l anlè, li di l: — Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”

参见章节 复制




Lik 19:5
17 交叉引用  

Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


“‘“Lè m te pase bò kote ou, e Mwen te wè ou t ap tòde nan san ou, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Wi, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’!


Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”


La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich.


Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.


Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.


Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”


Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,


Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.


“Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.


跟着我们:

广告


广告