Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 18:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: — Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Apre sa, Jezi pran douz (12) disip li yo apa li di yo: “Men n ap monte Jerizalèm kounye a, se la tout sa Bondye te di pwofèt yo ekri konsènan Pitit Lòm nan pral akonpli.

参见章节 复制




Lik 18:31
17 交叉引用  

Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.


Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’


Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.


Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.


Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”


Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem.


跟着我们:

广告


广告