Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 18:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 moun sa a gen pou l resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.”

参见章节 复制




Lik 18:30
19 交叉引用  

SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.


A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.


Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.


Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH


Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.


Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.


Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.


Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.


“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.


“Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.


跟着我们:

广告


广告