Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 16:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen a richès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Jezi di yo ankò: — Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan.

参见章节 复制




Lik 16:9
28 交叉引用  

Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.


Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.


Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l.


Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”


“Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè.


“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.


Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”


“Donk, si nou pa fidèl nan sèvis richès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo.


“Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”


Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.


跟着我们:

广告


广告