Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 — Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”

参见章节 复制




Lik 16:8
23 交叉引用  

Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”


Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.


Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.


Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.


Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”


Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.


Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.


Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante.


“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.


Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’


“Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe? “Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’


Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di.


Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj.


Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj.


Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.


Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.


Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè.


ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


Selon sa pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.


跟着我们:

广告


广告