Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 15:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 — Sipoze yon fanm ki gen dis bèl bijou annajan. Si li pèdi yonn, eske li p'ap limen lanp, vire kay la tèt anba pou li bouske nan tout ti kwen jouk li jwenn li?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Sipoze yon madanm ta gen dis (10) pyès lajan epi l ta pèdi youn ladan yo. Li t ap limen lanp li, epi bale kay la byen bale. Li t ap chache jouktan li jwenn pyès lajan an?

参见章节 复制




Lik 15:8
9 交叉引用  

Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.


Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la.


“Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.


Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’


Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”


“Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.


E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo.


Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.


“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”


跟着我们:

广告


广告