Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 — Sipoze yon nonm gen san mouton. Si yonn ladan yo ta pèdi, eske li pa t'ap kite karevendisnèf lòt yo poukont yo pou l'al dèyè sa ki pèdi a? L'ap chache li jouk li jwenn li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 “Sipoze youn nan nou gen san (100) mouton epi youn ladan yo pèdi. Ki sa ou t ap fè? Ou t ap kite katrevendiznèf (99) lòt yo nan raje a epi pati al chache mouton ki pèdi a. Ou t ap kontinye chache jouktan li jwenn ni?

参见章节 复制




Lik 15:4
19 交叉引用  

Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.


Pèp Mwen an gen tan vin mouton ki pèdi. Bèje yo te egare yo. Yo te fè yo vire akote mòn yo. Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin, e yo te bliye plas repo yo.


“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’


Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”


Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.


“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an.


Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?


Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè?


Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di:


Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”


Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.


Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.


跟着我们:

广告


广告