Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 15:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 — Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a sòti, li mande l pou l antre.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre.

参见章节 复制




Lik 15:28
25 交叉引用  

Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.


Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’


Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”


Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a.


Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.


O Jérusalem, Jérusalem, vil ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!


Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e manje avèk yo.”


“Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’


“Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zami mwen yo.


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”


Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”


Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.


Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.


Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.


Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.


Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakolè gen tan vini sou yo pi rèd.


Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”


Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?”


跟着我们:

广告


广告