Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 15:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. — Mesye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Apre sa, li leve li tounen lakay papa l. Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li.

参见章节 复制




Lik 15:20
22 交叉引用  

Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.


Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.


Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.


Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.


Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.


Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.


Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.


Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li; Mwen va mennen li e restore konsolasyon a li menm ak sila k ap lamante pou li.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.


Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’


Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.


Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.


“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”


跟着我们:

广告


广告