Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 15:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch.

参见章节 复制




Lik 15:13
35 交叉引用  

Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri. Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.


Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi.


Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.


Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.


Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.


Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.


Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.


Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.


Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!


Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”


Sòti nan wout la, vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.”


“Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen na p fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”


Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’


Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?


“Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? Nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!


Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo.


Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen.


Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.


Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t apgaspiye byen li yo.


“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.


Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.


“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”


Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou.


跟着我们:

广告


广告