6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
6 Yo pat kapab reponn li anyen sou sa.
6 Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be.
Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.
Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.