Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, genlè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 E dizuit (18) moun ki te mouri yo lè gwo kay la te tonbe sou yo nan Jerizalèm nan, toupre pisin Siloye a? Nou dwe panse sa te rive paske yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?

参见章节 复制




Lik 13:4
13 交叉引用  

Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.


Schallun, fis a Col-Hozé a, chèf nan distrik Mitspa a, te repare Pòtay Sous Bwote a. Li te bati li, te kouvri li, te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè, avèk miray kote Etan Siloé a toupre jaden a wa a jis rive kote mach pye eskalye ki te desann soti lavil David la.


epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”


“Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a;


Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.)


Epi padone nou ofans nou yo menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.


Konsa, padone peche nou yo, paske nou menm osi padone tout sila ki dwe nou. Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”


Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.


“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”


Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”


Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


跟着我们:

广告


广告