Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 13:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Li tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la fè nich nan branch li yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Wayòm Bondye a se tankou yon ti grenn moutad. Yon nonm pran ti grenn moutad la li plante l nan jaden li. Ti grenn moutad la grandi, li tounen yon gwo pyebwa, epi zwazo yo nan syèl la fè nich nan branch li yo.”

参见章节 复制




Lik 13:19
38 交叉引用  

Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen, fi a maryaj mwen; yon jaden wòch ki fèmen, yon fontèn dlo ki ansèkle.


Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.


Cheri mwen an te desann nan jaden li an, nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, pou ranmase flè lis.


O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou.


Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.


Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.


Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo. Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit. Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.


Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.


epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a—


Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.


Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.


Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li?


Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.


Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.


Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.


Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.


nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


跟着我们:

广告


广告