Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 12:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo?

参见章节 复制




Lik 12:26
7 交叉引用  

Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.


Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube?


“Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?


“Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li?


“Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.


“Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa kontinye enkyete nou.


Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.


跟着我们:

广告


广告