Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m an repo! Pòt la gentan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m ba ou biswit yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa.

参见章节 复制




Lik 11:7
7 交叉引用  

Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?


“Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.


Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’


Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.


Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.


Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen.


Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.


跟着我们:

广告


广告